Accessibility links

Breaking News

1 Milyon 500 Mil Dola Pou Ayiti


Fondasyon Clinton-Bush anonse l ap dekese 1milyon 500 mil dola pou peyi Dayiti. Lajan sa a pral finanse fòmasyon moun ki pral travay nan domèn otelri, antreprenè, etidyan ak anseyan.

Fondasyon Oasis ap resevwa yon tranch 264 mil dola pou rekonstwi ekòl otelri peyi Dayiti, tranblemanntè 12 janvye a te kraze. Inivèsite Kiskeya pral jwenn 914 mil dola pou mete kanpe yon sant pou inovasyon ak antreprenarya.

Antrepriz Edikatèk pral jwenn dènye tranch nan don sa a, swa 285 mil 646 dola pou achte ekipman enfòmatik, resous edikatif e finanse fòmasyon teknolojik pou elèv lekòl ak etidyan inivèsite leta yo. Edikatèk pral gen pou mete sou pye yon biblyotèk nimerik pou etidyan INAGEHI yo.

XS
SM
MD
LG