Otorite yo fè konnen yo akize 8 moun yo sispèk kòmkwa yo ta mele nan kidnaping yon jwè bezbòl venezuelyen, Wilson Ramos, k ap jwe nan ekip The Nationals, nan Washington DC.
Enkoni te kidnape misye pandan li t ap vizite fanmi li nan vil Valencia, o Venezuela, sa genyen 9 jou.
Otorite yo di 6 nan sispèk yo genyen pou reponn akizasyon deske yo te posede zam ilegal, tandiske yap jije 2 lòt yo kòm konplis, paske yo te bay kidnapè yo manje pandan yo te kenbe misye Ramos la.