Accessibility links

Breaking News

Prezidan Chavez Patisipe nan yon Parad Militè nan Venezuela


Prezidan Venezuelyen an, Hugo Chavez, parét jedi 14 jiyè a nan yon defile ki dewoule nan Caracas
Prezidan Venezuelyen an, Hugo Chavez, parét jedi 14 jiyè a nan yon defile ki dewoule nan Caracas

Prezidan Venezuelyen an, Hugo Chavez, parét jedi 14 jiyè a nan yon defile ki dewoule nan Caracas kote li di patizan l yo batay l ap mennen kont kansè a se youn nan pi gwo lit nan vi li.

Prezidan Chavez te mete inifòm militè li sou li ak berè wouj li nan tèt li nan okazyon an kote li pale de lit li ak maladi a.

Li te ise drapo nasyonal venezuleyen an sou Plas Bolivar la kote parad la te dewoule a. Foul la te rele pou di: «An avan, kòmandan!» pou yo apiye e ankouraje prezidan an ki te sibi yon operasyon mwa pase a nan peyi Kiba kote doktè te wete yon time nan rejyon pèlvis li.

Misye Chavez pa di ki kalite kansè sa ye.

XS
SM
MD
LG