Accessibility links

Breaking News

Ozetazini, Etidyan ap Konstwi Kay Pou Fanmi ki Nan Bezwen


Ozetazini, Etidyan ap Konstwi Kay Pou Fanmi ki Nan Bezwen
Ozetazini, Etidyan ap Konstwi Kay Pou Fanmi ki Nan Bezwen

Sou yon ti teren ki plen sab nan vil Delray Beach, Florid, 7 jèn-jan ap voye kout mato ak kout pèl anba solèy cho a. Elèv sa yo ki sòti nan yon lekòl nan zòn nan, Atlantic High School, fè pati pwogram Eagle Nest Construction Academy a lekòl la mete sou pye. Amanda Orndorff, se moun kowòdonatè pwogram nan ki aksepte ni fi ak gason apati 9èm jiska 12èm. segondè. Li di elèv yo etidye preparasyon, desinen ak konstriksyon epi yo itilize konesans sa yo pou yo batii kay pou fanm ki pa gen lajan sou teren meri vil la bay pou pwojè a.

Madam Orndoff di: “Yo aprann 'de A a Z" epi yo chwazi disiplin yo pi renmen a kòm espesyalite yo. Si yo renmen planifikasyon, ya p konsantre yo sou sa, e si se konstriksyon yo renmen ya p konsantre yo sou sa.”

Omwen 25 elèv ap travay sou yon pwojè kay 3 chanm ak 2 twalèt. Ant 10 ak 15 nan yo ap sou chantye a an menm tan. Yo oblije met chapo konstriksyon pou pwoteje tèt yo, linèt pwoteksyon ak gwo bòt (pou je ak pye yo) lè yap travay. Daniel Norzea ki se youn nan etidyan k ap travay nan pwojè a di li menm ak kamarad li yo kòmanse konstwi yon kay depi mwa doktòb.

Anviwon 200 etidyan deja pase nan pwogram nan depi li tanmen sa pral gen 5 an. Se 2èm kay etidyen akademi an ap konstwi. Yap bati li daprè egzijans ekolojik ak anviwonmantal yo. Gen yon pakèt nan materyo y ap itilize yo se materyo resikle. Menm si anpil jèn sa yo antre nan pwogram nan paske yo vle antre nan konstriksyon lè yo fini etid yo, gen anpil nan yo ki reyalize travay la pa pou yo e kòmanse chache yon lòt karyè... Men gen lòt tankou Daniel Norzea ki deside patisipe ladan pou konesans ak eksperyans yo ka ranmase e benefis yo ka tire.

Norzea di li deside aprann metye sa a paske li pa vle demen pou'l oblije rele yon plonbye pou vin ranje tiyo lakay li kap koule e depanse yon mago lajan lè li ka fè travay sa a pou kont li.

XS
SM
MD
LG