Accessibility links

Breaking News

Lavalas Lapli Pran Lavi Anviwon 36 Moun Nan Gwatemala


Nan 2 glisman teren separe ki pase nan wikenn 4 ak 5 septanm 2010 la, plizyè douzèn moun pèdi lavi yo nan Gwatemala.

Responsab nan peyi a presize pandan wikenn nan, gwo mas labou ak inondasyon pran lavi 36 kretyen vivan e gen omwen 60 moun ki antere nan yon 2e glisman teren lè yo t ap eseye sove sila yo ki te bloke anba mas labou a.

Otorite nan Sèvis ponpye fè konnen genyen yon mi ki tonbe sou yon kamyonèt ak lòt machinn ankò e 2e glisman teren an frape sekouris yo ki t ap rive sou sèn nan. Ensidan sa a rive sou otowout entèameriken an ki sou yon distans 80km enviwon andeyò kapital la, Gwatemala Siti.

Wikenn Dezas sa yo pandan wikenn nan koze 500 milyon dola domaj. Prezidan gwatemaltèk la Alvaro Clom dekrete yon eta dijans nasyonal.

XS
SM
MD
LG