Accessibility links

Breaking News

Lachin di Ekonomi Mondyal la Toujou Menase Malgre Vòt sou Dèt Lèzetazini an


Medya leta a nan Peken fè konnen sèl rezilta akò La Mezon Blanch ak Kongrè ameriken an rive jwenn a la dènyè minit pou leve plafon dèt Lèzetazini an, se tou senpleman ranvwaye move efè gwo pwoblèm ki menase ekonomi mondyal la.

Nan kòmantè jounal leta chiwa a, Jounal Pèp la, pibliye madi 2 out 2011 la, li ekri pou l di menmsi Lèzetazini rive evite rive nan yon pwen kote li pa ta ka peye dèt li, pwoblèm nan poko rezoud e li menm posib pou l vin pi grav.

Jounal Pèp la se piblikasyon ki pi enpòtan pou pati kominis ki sou pouvwa a nan Lachin. Nan menm kòmantè yo, jounal la fè konnen chaj dèt Lèzetazini an kontinye pwojte yon gwo lonbray sou relans ekonomi amerikèn nan, e sa ogmante risk ki genyen pou rès ekonomi mondyal la.

XS
SM
MD
LG