Pi gwo kòmandan militè Lèzetazuni genyen nan Afganistan an, jeneral Stanley McChrystal, rankontre mèkredi maten an ak prezidan Barack Obama nan La Mezon Blanch kote prezidan an te konvoke l aprè li menm ak kèk nan asistan l yo te pase gwo zotobre nan gouvènman Obama a nan betiz nan yon atik ki parèt nan magazin Rolling Stone.
Jeneral la ta di tou se ak yon santiman desepsyon li te sòti nan premye rankont li te fè ak prezidan an. Kòmandan McCrystal ki t ap pale apwopo yon manm gouvènman Obama a, di moun sa a se yon «clown», konpran « yon joujou lakomedi »; e li kalifye yon lòt kòm «yon bèt blese» .Jeneral McChrystal te rive nan La Mezon Blanch mèkredi 23 jen an aprè li te finn rankontre nan Pentagòn nan avèk minis defans Etazini an, Robert Gates e ak kòmandan Wo Eta Majò Lame amerikèn nan, amiral Mike Mullen.
Jeneral McChrystal te rankontre pandan 30 minit konsa ak prezidan Obama, epi li te kite La Mezon Blanch. Obsèvatè yo te atann aske l rete asiste reyinyon prezidan an fè yon fwa pa mwa ak ekip sekirite nasyonal li a.
Madi, miyse Obama te kritike jeneral la pou l di "deklarasyon miyse fè a montre li genyen « move jijman». Men ke l te vle pale dirèkteman ak jeneral la anvan li pran yon desizyon pou revoke l ou kite l nan pòs li, menmsi gen nouvèl ki di, jeneral la ap vin Washington ak tout dispozisyon pou l bay demisyon n.
Anvan l te kite Afghanistan pou Washington, jeneral McChrystal te di : deklarasyon li te fè nan magazin nan, se te yon erè li pat dwe janm fè.