Accessibility links

Breaking News

Bank Mondyal Salye Pwogrè ki Fèt ann Ayiti Apre Tranblemanntè 12 Janvye 2010 la


Vis prezidan Bank Mondyal la, Hasan Tuluv sot pase 2 jou ann Ayiti kote li evalye eta avansman divès pwojè Bank lan finanse nan peyi a.

Mesye Tuluv ki te vizite kèk lekòl ak kan ebèjeman fè konnen gen anpil pwogrè ki fèt apre tranblemanntè 12 janvye a.

Sepandan li rekonèt gen anpil lòt gwo defi responsab yo dwe leve pou pèmèt popilasyon an viv nan pi bon kondisyon.

Mesye Tuluv ankouraje otorite ayisèn yo pwofite de opòtinite mache rejyonal yo pandan li kontinye benefisye atansyon ak asistans kominote entènasyonal.

Bank Mondyal deja dekese 20% nan anvlòp 475 milyon dola li bay Ayiti nan kad rekonstriksyon an.

Vis prezidan Bank Mondyal la te chita pale avèk otorite finansyè yo pandan 2 jou vizit sa a.

klike sou lyen ki nan kòmansman atik la pou w koute yon repòtaj Rotchild Francois Jr.

XS
SM
MD
LG