Accessibility links

Breaking News

Ayiti : OPL an Favè yon Konsansis Palman-Ekzekitif Pou Soti Peyi a Nan Kriz Politik la


Senatè Melius Hyppolite
Senatè Melius Hyppolite

Yon delegasyon OPL ki vizite Lavwadlamerik, mèkredi 7 mas la, ankouraje palman an ak pouvwa ekzekitif la mete tèt yo ansanm pou soti peyi Dayiti nan enpas politik li twouve l jodi a. Kowòdonatè OPL la, Sauveur Pierre-Etienne, ki t ap patisipe nan pwogram Lib Tribin, Dyaloge avèk Lèzetazini, fè konnen enterè peyi a dwe pase avan enterè pèsonèl.

Pwofesè Sauveur Pierre Etienne
Pwofesè Sauveur Pierre Etienne

Senatè depatman Nò Dwès la, Mélius Hyppolite, mande prezidan Michel Martelly chita avèk prezidan 2 chanm palman an pou chwazi yon premye minis nan tèt ansanm. Palmantè a ajoute chwa a dwe fèt nan respè konstitisyon an pou fasilite pwosesis ratifikasyon an.


Senatè Francisco Délacruz
Senatè Francisco Délacruz

Senatè Altènativ-Plato Santral la, Francisco Delacruz, ki te patisipe nan pwrogram nan tou, swete pou ta genyen « yon pakt gouvènabilite » ant 2 pouvwa yo ki dwe pran angajman pou fè enstitisyon peyi a fonksyone.

Klike sou lyen ki nan fen atik la pou w koute repòtaj sa a.

XS
SM
MD
LG