Avyon militè Òganizasyon Trete Atlantik Nò a (l’OTAN) bonbade zòn ki tou prè yon rezidans lidè libyen an, Moammar Gadhafi, genyen nan Tripoli, kapital Libi, nan yon operasyon ki dewoule douvan-jou jedi 16 jen 2011 la.
Moun te ka tande gwo bri bonbadman yo koze nan vil la, menm jan yo te ka wè tou gwo lafimen dife ki t ap monte nan syèl la tou prè yon chato-kay misye Gadhafi genyen nan yon katye ki rele Bab al-Aziziya.
Moun poko konnen kisa egzatteman avyon yo frape, e poko gen non plis nouvèl ki ta pale de moun ki viktim. Sa gen lontan depi avyon militè L’OTAN ap lanse atak nan rejyon ki tou prè rezidans sa a kote moun abitye rasanble nan nuit pou yo fè gwo meeting-de-mas e montre apui yo pou Gadhafi ki sou pouvwa a depi plis pase 40 tan.