Accessibility links

Breaking News

Biwo Federal Envestigasyon an ap Mennen Ankèt Sou Konpayi Enfòmasyon Rupert Murdock yo


James ak Rupert Murdoch
James ak Rupert Murdoch

Biwo Federal Envestigasyon an (FBI) fè konnen li ouvè yon ankèt pou konnen si ajans nouvèl yon gwo potanta nan afè enfòmasyon posede, te mete sou tab-dekout telefòn moun ki te viktim atak teworis 11 septanm 2001 an ak manm fanmi yo. Gwo potanta sa a se Rupert Murdock.

Kèk sous ki pwòch lajistis Ozetazini di FBI pral chache wè si anplwaye konpayi misye Murdock yo te pran dispozisyon ilegalman pou yo konnen sa k tap di ou byen ekri sou apèl telefònik, imèl oubyen anrejistreman mesaj viktim yo te resevwa aprè atak teworis la ki te rive sa genyen prèske 10 zan; oubyen tou, si yo te eseye bay lapolis kout-lajan anba tab pou yo te kapab jwenn enfòmasyon sa yo.

FBI kòmanse ankèt sa a yon jou aprè Depite Peter King ki reprezante yon sikonskripsyon nan Nouyòk kote plis pase 3 mil moun te viktim nan jou 11 septanm 2001 an, te lanse apèl pou l mande Biwo Federal Envestigasyon an ouvè yon ankèt sou afè a.

XS
SM
MD
LG