Accessibility links

Breaking News

Gwo Vedèt Mizik Amerikèn Aretha Franklin Mouri - Li te Gen 76 Zan


Aretha Franklin, Rèn Misik Soul la.
Aretha Franklin, Rèn Misik Soul la.

Aretha Franklin, youn nan gwo non nan domèn mizik amerikèn nan pandan plizyè dizèn dane; Areta Franklyn: Rèn Mizik Soul la nan je plizyè milyon moun Ozetazini e atravè lemond; Aretha Franklin, ki te ouvè chemen an pou anpil chantè ki sòti nan minorite yo e ki te ba yo enspirasyon yo te bezwen pou yo pèse, pwodui e briye; Aretha Franklin mouri nan vil Detroit, Eta Michigan, kote li te abite. Li te genyen 76 zan.

0000000000000000000000000000000000000000

Aretha Franklin te pran nesans nan dat 25 mas 1942, nan vil Memphis, nan Eta Tennessee. Yon ti tan apre nesans li papa l ak manman li te kite Memphis pou yo t ale viv nan vil Detroit, nan Eta Michigan, kote papa li te devlope yon repitasyon kòm yon pastè ki te konn preche byen. Sa pat pran lontan pou Aretha atire atansyon moun pou jan li te jwe pyano byen pandan li t ap chante chante legliz nan sèvis relijye yo.

Chantèz Aretha Franklin te resevwa Meday Prezidansyèl pou Libète a (The Presidential Medal of Freedom Award) nan men Prezidan George W. Bush nan Sal Es Mezon Blanch la, nan Washington, D.C. nan dat mèkredi 9 novanm 2005.
Chantèz Aretha Franklin te resevwa Meday Prezidansyèl pou Libète a (The Presidential Medal of Freedom Award) nan men Prezidan George W. Bush nan Sal Es Mezon Blanch la, nan Washington, D.C. nan dat mèkredi 9 novanm 2005.

Aretha Franklin te gen 18 an konsa lè li te fè sa yo rele nan langaj mizikal la yon "cross-over”, sètadi li te kite chante legliz pou l te pase nan chante mizik Jazz. Sa pa te pran lontan pou yon konpayi gwo non, Columbia Records, te vin enterese nan travay li epi envite li nan stidyo li yo pou l anrejistre premye albòm li. Men, Aretha Franklin ta pral pèse tout bon vre an 1967, ane kote li te pibliye yon albòm avèk labèl yon lot gwo konpati ki te rele Atlantic Records e ki te pèmèt jenn vedèt la chante avèk entansite natirel moun te jwenn nan entèpretasyon mizik Gospel yo.

Pandan pi fo egzistans Aretha Franklin, moun te konsidere li kòm youn nan pi gran atis nan domèn mizikal la Ozetazini: li te vann plizyè milyon albòm; li te resevwa divès kalite distenksyon -pami yo gen 18 Pri Grammi; e, san diskisyon, li te benefisye de konsiderasyon, admirasyon e menm lanmou plizyè jenerasyon fanatik, atis e menm lòt selebrite tou patou atravè lemond.

Rankont Aretha Franklin ak gran chantè mizik opera Luciano Pavarotti nan okazyon yon seyans priz-foto nan yon dine ki te dewoule nan nan New York pou yon òganizasyon byenfezans le 2 fevriye 1998.
Rankont Aretha Franklin ak gran chantè mizik opera Luciano Pavarotti nan okazyon yon seyans priz-foto nan yon dine ki te dewoule nan nan New York pou yon òganizasyon byenfezans le 2 fevriye 1998.

Nan lane 1967 --tankou nou di sa pi wo -- kap Aretha Franklin ta pral pran bon van avèk anrejistreman e piblikasyn yon entèpretasyon mizik “R-E-S-P-E-C-T" pou RESPECT an anglè e RESPÈ an kreyòl. Vrèmanvre, jenn vedèt la te vin pran yon popilarite san parèy, paske anrejisteman sa a te okipe premyè plas la pandan lontan sou chart magazin Billboard la. Se avèk entepretasyon sa a Aretha ta pral ranpòte premye nan 18 Pri Grammy li resevwa nan karyè atistik li. EPi chanson “R-E-S-P-E-C-T" a ta pral tounen kòm yon im nasyonal pou medam yo ki te lanse yo nan batay pou egalite ant sèks yo Ozetazini e nan lemond.

Aretha Franklin te reprezante yon moniman nasyonal pou tout ameriken –san bliye sila yo ki te tounen premye sitwayen peyi a-- an palan de prezidan ameriken yo. Se konsa, an 2009, li te chante nan seremoni prestasyon sèman Prezidan Barack Obama (premye manda), kote entèpretasyon chanson chanson ki rele "My Country, TIS of Thee" te etone piblik la, e te bay anpil moun frison (gen moun ki ta di “chair de poul”)

An 2016, li ta pral fè gran tit nouvèl yo apre li te enteprete pandan 4 minit edmi im nasyonal Lèzetazini an anvan kòmansman yon match football ameriken kote ekip vil li a –nap pale de ekip The Detoit Lions - t ap jwe.

Aretha Franklin ki t ap chante nan Washington nan seremoni prestasyon sèman Prezidan Barack Obama ki t ap monte sou pouvwa a pou premye manda li nan dat 20 janvye 2009.
Aretha Franklin ki t ap chante nan Washington nan seremoni prestasyon sèman Prezidan Barack Obama ki t ap monte sou pouvwa a pou premye manda li nan dat 20 janvye 2009.

Ansyen Prezidan Barack Obama ak madanm li, Michelle, voye "priyè yo ak kondoleyans sensè yo bay fanmi Aretha Franklin ak tout moun ki jwenn satisfaksyon nan chante li yo." Nan yon deklarasyon Misye ak Madam Obama pibliye, yo di:

<< Atravè konpozisyon ak talan mizikal san parèy Aretha Franklin, li te ede defini eksperyans amerikèn nan. Nan vwa li nou te kapab santi istwa nou an, tout istwa nou an e nan vwa sa a te genyen puisans nou ak pèn nou, fè-nwa nou ak limyè nou, demach nap fè pou n jwenn redanmsyon ak yon respè nou te tabli apre gwo konba. Aretha mouri, se vrè, pou l ale nan yon mond ki pi bon; men kado li fè nou ak mizik li a ap rete la pou enspire nou tout. Se pou Rèn Mizik Soul la repoze li nan lapè etènèl. >>

XS
SM
MD
LG