Accessibility links

Breaking News

Arestasyon Plizyè Manm Mafya Ozetazini


Arestasyon Plizyè Manm Mafya Ozetazini
Arestasyon Plizyè Manm Mafya Ozetazini

Ozetazini, Ajan FBI poze arestasyon 127 manm Mafia ak asosye yo, nan youn nan pi gwo operasyon otorite yo lanse kont krim òganize nan tout istwa FBI.

Minis jistis Lèzetazini an, Eric Holder, ki t ap pale ak laprès sou dosye a jedi 20 janvye 2011 la nan vil Brooklyn, eta New York, fè konnen arestasyon sa yo te fèt bonè nan jounen an, e lapolis mete sispèk yo nan prizon nan eta New York, New Jersey ak Rhode Island.

Pami krim manm mafia sa yo komèt, genyen aktivite trafik dwòg, presyon yo fè sou moun pou pran lajan ak byen yo, plis asasina.

Daprè minis Holder toujou, ajan FBI yo mete men sou manm 7 gwoup krim òganize ki genyen amerikano-italyen nan tèt yo, e gen yon arestasyon ki fèt nan peyi Itali.

XS
SM
MD
LG