Otorite nan peyi Langletè poze arestasyon Julian Assange, fondatè Wikileaks, sit entènèt ki pibliye sou twal mondyal la anpil rapò konfidansyèl Depatman Deta ameriken apre Laswèd lanse yon manda arestasyon dèyè li.
Lajistis swèdwaz ap chache Assange pou yo poze l kesyon sou akizasyon k ap peze sou do l kòmkwa li ta komèt kadejak ak zak entimidasyon ilegal. Mesye Assange voye jete (demanti) tout akizasyon sa yo.
Youn nan avoka k ap defann Assange yo e ki t ap abòde dosye a lendi 6 desanm 2010 la fè konnen li te fè aranjman pou kliyan n nan rankontre ak otorite anglè yo pou yo te ka pale sou manda arete-mennen-vini an.
Avoka yo fè konnen misye diside lite kont plan pou yo ta pimpe l voye nan peyi Laswèd, paske yo pè pou yo pa voye l al jije Ozetazini. Assange se fondatè sit-entènèt Wikileaks ki pibliye yon afè de 250 mil dokiman diplomatik sekrè gouvènman ameriken an.