Accessibility links

Breaking News

Iran: Arestasyon 2 Sitwayen Etranje Nan Pwosè Sakineh Mohammadi Ashtiani


Otorite iranyen yo arete 2 sitwayen etranje ki t ap eseye fè yon entèviou ak pititt gason yon fanm lajistis nan Iran kondane pou l mouri anba kout wòch pou adiltè .

Dapre sa ajans nouvèl leta iranyen an rapòte, 2 moun yo arete yo te antre nan Iran ak yon viza touris e yo t ap eseye fè tèt yo pase pou jounalis.

Otorite iranyen yo te poze men sou yo poutèt yo t ap poze kesyon konsènan akize a, an palan de Sakineh Mohammadi Ashtiani, 43 zan.

Dosye madam Ashtiani soulve kolè kominote entènasyonal la. Pandanstan, otorite iranyen yo poko revele nasyonalite 2 etranje yo mete nan detansyon yo.

XS
SM
MD
LG