Accessibility links

Breaking News

Aprè plizyè Mwa Silans, Chef Sekirite Enteryè Etazini an di lap Anvizaje TPS pou Moun ki Soti Ayiti, Kamewoun, ak Moritani


Sekretè Depatman Sekirite Enteryè Etazini an Alejandro Mayorkas tap pale pandan yon pwen de pres nan la Mezon Blanch, premye Mas 2021 nan Washington. (AP Photo/Andrew Harnik)
Sekretè Depatman Sekirite Enteryè Etazini an Alejandro Mayorkas tap pale pandan yon pwen de pres nan la Mezon Blanch, premye Mas 2021 nan Washington. (AP Photo/Andrew Harnik)

Nan yon konferans ki fèt nan Sant pou Politik Lwa Imigrasyon nan Inivesite Californi nan Los Angeles (UCLA), Sekretè Depatman Sekirite Enteryè Etazini an Alejandro Mayorkas di semèn pase a ajans lap dirije a ap revize Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) pou moun ki soti Ayiti, Kamewoun ak Moritani.

Chef Sekirite Enteryè Etazini an Alejandro Mayorkas di “nou trè konsyan ke eta peyi sa yo merite yon examen aprofondi. E examan sa a deja kòmanse.“

Devlopman sa a parèt aprè plis pase 500 defansè imigran te lanse apèl pou administrasyon Prezidan Biden nan aji ann ijans pou renouvle Estati Pwoteksyon Tanporè a (TPS) pou Ayisyen.

Pami 500 defansè imigran ki te patisipe nan inisyative sila a te genyen Reveran Jesse Jackson, Opal Tometi ki se co-fondatè Black Lives Matter ak Alicia Garza, Edwidge Danticat ki se yon autè, actris Garcelle Beauvais, depite eta Floride Dotie Joseph, elatriye.

XS
SM
MD
LG