Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Apèl Pou Otorite Yo Ede Gouvènman Lokal Yo Pwoteje Popilasyon an


Nan Gran Gwav, majistra adjwen an, Frank Laporte, lanse apèl bay otorite santral yo pou l mande yo mete mwayen ki nesesè a la dispozisyon dirijan lokal yo pou yo kapab pote asistans bay popilasyon an sizoka dezas ta frape zòn nan. Majistra Laporte pale sitou de moun k ap viv anba tant yo toujou, preske 8 mwa apre tranblemanntè 12 janvye 2010 la.

Responsab yon gouvènman lokal sou Il La Gonav fè konnen li genyen gwo kè-sote sou kapasite Konsèy Elektoral Pwovizwa a pou l òganize bon jan eleksyon nan peyi a. Responsab sa se majistra vil Pwent-a-Rakèt la, Michel Ange Paul.

Nan Boukan Kare, yon lokalite nan Plato Santral la, prezidan COV la (Sant Operasyon ak Verifikasyon Elektoral), Cali Baptiste, lanse akizasyon pou l di yon lòt manm COV la --yon fi-- ba li yon kou san rezon. Sepandan yon ansyen majistra lokalite a --ki se yon fanm tou-- fè konnen mesye Baptiste vire bagay yo, paske se dam nan ki viktim nan konfwontasyon ki te genyen ant yo 2 a.

Toujou nan Plato Santral la, pi presizeman nan vil Ench, yon gwoup defans dwa fanm lanse apèp pou mande otorite ayisyen yo pran dispozisyon ki nesesè pou yo mete fen nan vyolans medam yo ap sibi anba men gason nan peyi Dayiti. Gwoup la di, si zak konsa kontinye fèt san agresè yo pa gen kè sote, se paske otorite lajistis yo pa aplike lwa ki la pou pini moun ki komèt move zak sa yo.

Korespondan nou yo atravè Ayiti devlope nouvèl sa yo pou nou.

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute repòtaj VOA kreyòl pou jounen 31 out 2010 la

XS
SM
MD
LG