Accessibility links

Apèl Pou Mande Pwoteksyon Pou Bèt ak Plant Sou Kontinan Afriken an

  • Jean Robert Philippe

Konsèvasyonis yo fè konnen gwo envestisman merite fèt nan pak nasyonal yo sou kontinan afriken an pou pwoteje bèt ak plant sovaj yo.

Se rezilta yon etid tou nèf pwogram anviwonman Nasyonzini reyalize, kote li jwenn popilasyon plis pase 50% gwo zannimo k ap viv nan Pak Nasyonal Masai Mara o Kenya ap diminye.

Pa egzanp, depi ane 70 yo, kantite bèt yo konsidere nan rechèch la (zannimo tankou lyon, zèb ak boufalo) sibi yon bès de prèske 40%.

Pwogram Anviwonman Nasyonzini an, Sosyete Zowolojik vil Lond la ak Inivèsite Cambridge,ki patisipe nan rechèch la, atire atansyon sou yon deklen yo konstate nan lavi byolojik ann Afrik.

Patisipan yo mande pou otorite konsène yo pran dispozisyon pou yo pwoteje bèt ak plant, ki reprezante kèk nan prensipal sant enterè pou touris k ap vizite kontinan an.

Rapò a lonje dwèt sou lòm kòm youn pami pi gwo menas pou bèt ak plant sovaj yo. La chas, devlopman agrikòl ak elvaj chanje sistèm ekolojik la.

Gad forestye nan Kenya ak Tanzani gen difikilte pou yo pwoteje yo akoz yo deplase e kite rezèv natirèl la -- e sa fè yo vin ekspoze anba men chasè, plantè ak elvè k ap chache pwoteje plantasyon yo.

Moun ki fè etid la idantifye rezèv Masai Mara a kòm youn nan sant touristik k ap fè fas ak pwoblèm sa a. Rezèv sa a gen repitasyon atravè lemond kòm yon zòn kote ki gen pi gwo mouvman animal sou planèt la.

Lajan se youn pami pi gwo pwoblèm etid la jwenn. Pak Nasyonal Afriken yo kouvri yon espas ki prèske egal ak yon tyè teritwa ameriken an. Anpil nan pak sa yo pa gen resous ki nesesè pou pwoteje yon gwo sipèfisi konsa. Sepandan, etid la jwenn yon ogmantasyon nan popilasyon animal ak plant ki nan pati sid kontinan afriken an.

XS
SM
MD
LG