Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Apèl Pou Kreyasyon Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a


Mèt Ronald Charles, mande otorite yo enstale Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a pou evite enjerans Pouvwa Ekzekitif la nan travay lajistis

Ann Ayiti, Mèt Ronald Charles, manb Bawo Avoka Sidès la, nan Jakmèl, mande otorite yo enstale Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a pou evite enjerans Pouvwa Ekzekitif la nan travay lajistis.

Yon lòt kote, gouvènman ayisyen an ak anbasadè Taywann nan nan Pòtoprens inogire 6 pon nan Depatman Latibonit pou fasilite sikilasyon pwodui agrikòl nan rejyon an.

An plis de sa, yon manm palman an rekonèt Chanm Depite pat rive fè tout sa l te ka reyalize pandan ane 2011 la e li pwomèt Chanm Bas la pral gen yon pi bèl pèfòmans pandan ane 2012 la.

Anfen, Minis Tourism Ayisyen an, Stepanie B. Villedrouin, te ale Okay mèkredi avèk yon delegasyon pou lanse praparasyon kanaval nasyonal la ki pral dewoule nan vil la ane sa a.

Klike sou lyen ki nan kòmansman atik la pou w koute repòtaj korespondan pwovens Sèvis Kreyòl la.

XS
SM
MD
LG