Accessibility links

Breaking News

Aparisyon Tour Marasa World Trade Center yo nan Plizyè Fim


Foto Tour Marasa World Trade Center a nan lane 1990
Foto Tour Marasa World Trade Center a nan lane 1990

Pandan prèske 30 tan, Tour Marasa World Trade Center a te onore syèl Nouyòk la. Tour sa yo te gen 110 etaj e yo te senbolize kouraj ak espwa. Konplèks monimantal sa a anba lavil Manhattan nan kè sant finansye Nouyòk la. Men tour sa yo te plis ke sa. Yo te vin tounen yon plas kilti popilè. Pandan 3 dizèn lane, yo te ekspoze yo nan plis ke mil fim. Pou ameriken yo ak pèp nan le mond antye yo te vin tounen yon anblèm Nouyòk ak tout Etazini.

Nan ane 1978, le mond te gade kòm Superman, ero tout ameriken yo ki te pote laverite ak lajistis nan Metropòl la. Se te premye fim « Superman » ki te montre Christopher Reeve kòm yon nonm de fè avòk kap wouj la sou li. World Trade Center Nouyòk la te bay fon an.

Pandan plizyè ane kritik fim David Sterrit te abite tou prè Tour marasa yo.

« Mwen pat janm telman fanatik yo o pwen de vu architekti. Sepandan yo te laj vrèman vre. Mwen sipoze pou yon ti moman yo te bilding ki pi wo nan le mond e se tankou yon triyonf pou Lezetazini la a. Ou pa sèlman bati bilding ki pi wo a, men ou bati l 2 fwa.”

Genyen nan dram Wall Street la, mènm jan ak nan debu fim Brian de Palmas la. The Bonfire of the Vanities. “Le Bucher des Vanites” Tou 2 fim yo souliye arogans ak pasyon pou fè plis lajan Wall Street nana ne 80-yo.

Nan Working Girl 1987, Mike Nichols dekri tour yo kòm yon sant pouvwa. Men la a, tou yo te vin tounen yon senbòl destine ekonomik medam yo. Nan sant istwa a, gen Tess, yon fi k ap travay ki soti Staten Island, yon vwayaj pa ferry . Li te reve pou l fè l vin tounen distri finansye Nouyòk. Li te finalman reyisi.

Te gen yon senj jeyan ki t ap monte tour marasa yo, pa empire State bilding nan kòm nan original la non, esè ki te pi dramatik la se nan ane 1974 atis fransè Philippe Petit te fè a. Li te alonje an sekré yon fil ant 2 tou marasa yo e li te mache sou li pandan 45 minute. Yo te kite la polis pou yo gade.

Tou sa yo te vin lye a romans, tankou nan fim 1987 Moonstruck ki prezante bilding an fè yo nan Nostalji Nouyòk la. Sant istwa nan alantou Loretta Castorini yon vèv italyen ameriken ki te tonbe damou avòk yon boulanje ki te gen yon sèl men nan Brooklyn . Se Nicolas Cage ki te jwe wòl sa a. Nan youn nan moman poetik yo, yon plènn lunn t ap briye nan vwazinaj Loretta nan Brooklyn sa ki te souke kè rezidan itlayen ni yo alòske tour yo ap briye nan fon an.

Tour marasa yo te detwi nan plizyè fim dezas ke yo te fè anvan 9-11. Sa vinn tounen yon bagay ke ou pa mènm ka fè retroaktivman aprè 9-11.

Nan kèk ka, Sterritt di sineyas yo te koupe plizyé sènn ki montre Tour yo, konsa odyans la pa ta twò fache.

Youn nan egzanp yo se te sekans nan fim Spiderman 2002 a. Sterritt kwè koupu sa yo abitye fèt. Men moun Nouyòk yo gen pwòp opinyon pa yo.

Yon fin an Nouyòk pale pou l di:

« Lè mwen wè yo nan yon fim, mwen panse li mèveye e mwen renmen li e ansuit lè nou t ap vwayaje epi nou t ap pa lòt bò New Jersey nou te gade epi nou pat wè li, te gen yon gwo twou vid, e nou sonje l. »

David Sterritt di yo te wè twou vid sa a pi byen nan dram krim 25th Hour 203 Spike Lee a, yon Nouyòk tipik.

Kamera a santre sou 2 pilònn limyé paralèl kote tou yo te ye a. Yon Nouyòk pye koupe ki toujou santi ekstremite li yo l.

XS
SM
MD
LG