Accessibility links

Breaking News

Anvwaye Espesyal UNESCO ann Ayiti a, Michaelle Jean, Pran Lapawòl Devan OEA

Michaelle Jean (Foto achiv)
Michaelle Jean (Foto achiv)

Anvwaye espesyal UNESCO pou Ayiti a Michaelle Jean plede koz peyi dAyiti a devan reprezantan manb Òganizasyon Eta Ameriken yo Madi 13 Septanb nan kote li lanse apèl pou moun ede nasyon Karayib la. Nan diskou li pwononse nan syèj L’ OEA a nan Washington, li di sanble pèp ayisyen pa sispann fè fas ak trajedi sou trajedi depi jou kreyasyon peyi Dayiti.

"Lè yon moun ap soufri sa pa vle di li dwe kontinye soufri nèt al kole. Survi yon pèp pa vle li aksepte soufri; lè yo di yon pèp gen kapasite pou l fè fas ak difikilte, sa pa vle di li santi l pi alèz pase yon lòt nan mitan trajedi ak privasyon."

Madam Michaelle Jean pale tou sou kontribisyon Ayiti bay lòt peyi nan rejyon an nan moman yo t ap lite pou jwenn endepandans yo. Li site ka Simon Bolivar ki te vinn chache asistans nan men prezidan ayisyen Alexandre Petion nan komansman 19èm syèk la , yon fason pou l te ede peyi Amerik latinn yo rale kò yo anba dominasyon kolon Ewopeyen yo.

Ansyen gouvènè jeneral Kanada la di:

"li lè li tan pou peyi sa yo retire Ayiti nan soufrans li twouve l jounen jodi- a. Li ajoute pwoblèm peyi manb Òganizasyon Eta Ameriken yo dwe rete pwoblèm tout peyi manb òganizasyon an. Madan Michaelle Jean rekonèt nesesite pou nasyon karayib la pran gouvènay pwòp desten li nan menn lè li bezwen asistans."

Anvwaye espesyal UNESCO a, Michaelle Jean, abòde tou nan diskou li a tranblemanntè ki te frape Ayiti nan dat 12 janvye 2010 la. Li site kòm ekzanp travay ONG brezilyen VIVA RIO te mete sou pye nan zonn Bèlè --yon katye defavorize ann Ayiti kote bandi ame te fòse 40 % popilasyon an kouri abandone kay yo avan seyism nan. ONG VIVA Rio a, ki te gen sipò plizyè peyi pami yo Brezil, Kanada, Novèj ak Ayiti, reyalize plizyè pwojè devlopman lotbò a e, anplis desa, li te bay konkou l nan pote la pè nan Bèlè. Madan Michaelle Jean di l’OEA dwe swiv ekzanp ONG VIVA Rio a.

Pi lwen anvwaye espesyal la di kominote entènasyonal la kapab dekouraje, sou baz ke yo pa an mezi pou regle anyen ann Ayiti ki poko rive ratifye yon premye minis ki pral dirije nouvo gouvènman ki ta gen lejitimite pou dyaloge ak kominote entènasyonal la. Ayiti bezwen yon chèf gouvènman pou ede Prezidan Joseph Michel Martelly reyalize pwojè li genyen pou peyi a tankou pwojè pou tout peyi Dayiti nèt gen aksè ak edikasyon.

Madan Michaelle Jean di travay li kòm anvwaye UNESCO ann Ayiti se ede konsève kilti, ankouraje pwogram edikasyon pou tout moun tankou Prezidan Martelly pwomèt pou l reyalize pandan tan l ap pase sou pouvwa a, epi plede koz peyi a devan òganizasyon tankou l’OEA.

"OEA dwe kenbe angajmann pou l kanpe ak Ayiti ki nan bezwen. Òganizasyon an ap gen yon gwo defi devann e mwen kwè li pi byen plase pou leve defi a."

Rankont sa a dewoule nan L OEA nan moman pwosesis ratifikasyon Premye Minis deziye doktè Garry Conille kòmanse ap vale teren nan palman an. Dapre nouvèl yo sanble gen posibilite pou palmantè yo ta ratifye doktè Garry Conille kòm pwochen chèf gouvènman peyi Dayiti.

This item is part of
XS
SM
MD
LG