Accessibility links

Breaking News

Ansyen Prezidan Jean-Claude Duvalier ap Pare Pou l Rankontre ak Laprès


Aktyalite politik la nan peyi Dayiti pran yon lòt dimansyon depi ansyen prezidan avi ayisyen an, Jean-Claude Duvalier, te debake zanzatann dimanch 16 janvye 2011 la nan peyi a kote li di li vinn ede pèp ayisyen an ki ap pase yon move moman.

Depi lè sa a , reyaksyon pa sispann tonbe; soti nan plizyè sektè nan vi nasyonal la e nan peyi etranje. Pou yon gwoup moun, retou Jean-Claude Duvalier a antre nan lojik konstitisyon 1989 la ki bani legzil.

Gen lòt moun ki kwè lojik sa a dwe aplike tou pou lòt egzile yo pami yo ansyen prezidan Jean-Bertrand Aristide ki twouve l ann egzil nan peyi Afrik Di Sid. Retou sa a fèt nan moman peyi a ap debat anba yon kriz politik e elektoral san parèy.

Pami reyaksyon ki soti nan kominote entènasyonal la , genyen Amnesty International ki mande jijman ansyen Prezidan Duvalier pou krim ak abi li ta komèt pandan li t ap dirije peyi Dayiti nan ane 70'-80' yo.

Òganizasyon dwa zimen an presize, lajistis ayisyèn dwe trenen nan tribinal tout responsab ki ta komèt kalte zak konsa. Human Rights Watch ki baze isit Ozetazini pran menm pozisyon ak Amnesty International pou reklame arestasyon e jijman ansyen diktatè a ki te oblije kite pouvwa a an 1986 apre yon gwo koken mouvman popilè.

Daprè ansyen anbasadè nan vil Pari peyi Lafrans sou Jean-Claude Duvalier a, Henry Robert Sterlin, rankont ak laprès ansyen prezidan an ki te anile a kapab dewoule madi 18 janvye 2011 la.

XS
SM
MD
LG