Accessibility links

Breaking News

Ansyen Prezidan Bill Clinton ap Vizite Ayiti pou 2 Jou rankont sou Rekonstriksyon Peyi a


Ansyen prezidan ameriken an, Bill Clinton, ap rive Ayiti jedi 21 jiyè a pou yon vizit 2 jou kote li pral patisie nan rankont sou rekonstriskyon peyi a.

N ap raple Misye Clinton se ko-prezidan CIRH (Komisyon Pwovizwa pou Rekonstriksyon Ayiti).

Nan okazyon an Prezidan Michel Martelly ap fè premye rankont li kòm Chèf deta avèk konsèy administrasyon CIRH la.

Men pwogram vizit misye Clinton nan:

Jedi 21 jiyè 2011

11:15 AM (lè Ayiti)
Misye Clinton asiste inogirasyon yon ekspozisyon nouvo kay
Zòn Zoranje, Pòtoprens

Pami Otorite Prezan : Prezidan Michel Martelly ak Premye Minis Pwovizwa Jean Max Bellerive.
Laprès Envite

1:00 PM (lè Ayiti)
Misye Clinton ap rankontre ak Prezidan Martelly
Palè Nasyonal
Pòtoprens
Laprès PA ladan n

2:30 PM (lè Ayiti)
Misye Clinton ap fè yon anouns
Palè Nasyonal
Pòtoprens
Laprès envite


Vandredi 22 jiyè 2011

9:00 AM (Lè Ayiti)
Misye Clinton asiste rankont Konsèy Administrasyon CIRH la
Otèl Montana
Pòtoprens
Laprès Envite

12:15 PM (Lè Ayiti)
Misye Clinton asiste sesyon egzekitif rankont Konsèy Administrasyon CIRH la,
Otèl Montana
Pòtoprens
Laprès PA ladan n

2:30 PM CST
Miksye Clinton resevwa SRSG Mariano Fernandez
Otèl Montana
Pòtoprens
Laprès PA ladan n

XS
SM
MD
LG