Accessibility links

Breaking News

Ansyen Prezidan Ameriken Bill Clinton Rive sou 2èm Jounen yon Vizit 2 Jou ann Ayiti


Ansyen prezidan ameriken Bill Clinton, ko-prezidan Komisyon Enterimè Pou Rekonstriksyon Ayiti a (CIRH) ap kontinye mèkredi 17 out 2011la yon visit 2 jou nan peyi Dayiti ki te kòmanse nan dat 16 out la.

Nan pwogram jounen mèkredi a, Prezidan Clinton ap rankontre nan Pòtoprens ak manm CIRH la (rankont sa a pap ouvè pou laprès). Ansyen lidè ameriken an ap gen pou l rankontre tou ak palmantè ayisyen yo nan yon lòt aktivite ki pa ouvè non plis pou laprès.

Nan aprè-midi jounen mèkredi a, Misye Clinton ap fè yon anons ansanm avèk prezidan ayisyen an, Michel Joseph Martelly, ak Premye Minis pwovizwa a, Jean Max Bellerive nan katye jeneral CIRH la.

Laprès kapab prezan pou l kouvri aktivite sa a. Sou pwogram ansyen prezidan Clinton te genyen pou jounen madi 16 out la nan kad vizit li ann Ayiti, nou genyen yon korespondans Clarens Renois, depi Potoprens.

Klike sou flèch ki anlè atik la pou w tande repòtaj korespondan nou Clarens Renois.

XS
SM
MD
LG