Accessibility links

Breaking News

Ansyen Prezidan Ameriken Bill Clinton Rankontre Sektè Prive a ann Ayiti


Ansyen prezidan ameriken an Bill Clinton, ki se anvwaye espesyal Sekretè Jeneral Nasyozini an, Ban Ki-moon, ann Ayiti, twouve l sou 2èm jounen yon vizit l ap fè nan peyi a kote li rankontre ak sektè prive a jedi 5 out la.

Nan okazyon an mesye Clinton lanse apèl bay pèp ayisyen an pou mande l montre pasyans li pandan otorite yo ap travay sou rekonstriksyon peyi a.

Pou moun ki di y ap tann eleksyon yon nouvo prezidan anvan pou yo patisipe totalman nan travay rekonstriksyon an, mesye Clinton, ki se ko-prezidan Komisyon Enterimè sou Rekonstriksyon an, lanse yon apèl pou l di yo pa ta dwe ret tann pou yo fè sa ki byen an paske: "kèlkeswa prezidan ki monte sou pouvwa a an fevriye 2011, l ap genyen pou l leve defi ki makònen ak efò rekonstriksyon an."

Vandredi 6 out la, ansyen prezidan Clinton genyen pou l ale nan bouk Dabòn, tou prè Leyogàn, kote li pral asiste seremoni "pose première pierre" yon sant abri pou refijye nan ka kote ta gen dezas tankou siklòn. Se yon pwojè Fondasyon Clinton nan ap finanse.

Korespondan nou Rotchild Francois Junior ban nou detay sou nouvèl sa a.

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute repòtaj VOA kreyòl pou jounen 6 out 2010 la

XS
SM
MD
LG