Accessibility links

Breaking News

Ansyen Prezidan Ameriken, Bill Clinton, ap Vizite Ayiti


Jedi 5 out la, ansyen prezidan ameriken Bill Clinton prale ann Ayiti. Pandan misye Clinton ap nan peyi a, li gen pou l rankontre ak Prezidan René Préval ak Premye Minis Jean-Max Bellerive. Tou le 2 rankont yo ap dewoule ak pòt fèmen.

Pita nan jounen an, mesye Clinton pral fè chita tande ak manm kabinè ministeryèl la e ak anplwaye Nasyonzini yo. Rankont sa yo tou ap fèt ak pòt fèmen.

Nan aprè midi, ansyen prezidan ameriken ak Pemye Minis Bellerive pral rankontre ak sektè prive a. Laprès pral kapab asiste rankont sa a.

Vandredi 6 out la, ansyen prezidan ameriken an gen pou vwayaje nan vil Leyogàn, a lwès Pòtoprens, kote li pral patisipe nan seremoni "pose première pierre" yon pwojè Fondasyon Clinton nan te anonse mwa pase a. Seremoni sa a pral dewoule nan Lekòl Kominotè Sent Terèz nan Dabòn. Se premye pwojè ann Ayiti k ap benefisye asistans Fondasyon Clinton nan e l ap koute 1 milyon dola. Objektif la se montre moun kouman yo ka fè preparasyon pou pwoteje tèt yo, limite dega ak kantite viktim kote dezas ak siklòn frape.

Prezidan Clinton te anonse don sa a nan yon vizit li te fè ann Ayiti nan dat 1er jen 2010, e Komisyon Enterimè pou Rekonstriksyon Ayiti a te apwouve pwojè a.

XS
SM
MD
LG