Ansyen prezidan ameriken Bill Clinton, ko-prezidan Komisyon Enterimè Pou Rekonstriksyon Ayiti a (CIRH) ap rive nan peyi Dayiti madi 16 out 2011 la.
Misye Clinton ap gen pou l fè yon anons madi maten nan Kwa-dè-Boukè ki sou yon distans anviwon 10 kilomèt ak kapital la, Pòtoprens.
Pita nan jounen an, Prezidan Clinton ap gen pou l fè yon lòt anons nan non Fondasyon William Jefferson Clinton nan Caribbean Craft, nan Pòtoprens.
Laprès ap kapab prezan nan 2 kote sa yo pou yo fè repòtaj sou anons sa yo.
Nan aprè-midi, mesye Clinton pral rankontre ak prezidan ayisyen an, Michel Joseph Martelly. Rankont sa a pap ouvè pou laprès.
Nan nòt pou laprès ki anonse vwayaj ansyen Prezidan Clinton ann Ayiti a, Fondasyon William Jefferson Clinton pwomèt pou l bay pi ta detay sou pwogram vizit ansyen prezidan an pou jounen mèkredi 17 out la.