Ansyen prezidan ameriken, Jimmy Carter, kite peyi Kuba mrekredi 30 mas 2011 la apre yon vizit prive 3 jou.
Avan li pran avyon , li te rankontre nan prizon ak antreprenè ameriken Alan Gross e li lanse yon apèl bay otorite La Avàn yo pou mande liberasyon ameriken an paske li kwè li inonsan pou krim lajistis repwoche l yo.
Mesye Gross fenk kòmanse purje yon sanstans prizon 15 zan poutèt li ta swa dizan antre nan Kiba ilegalman ekipman kominikasyon .
Mesye Carter presize , li pat vini nan peyi a pou chèche liberasyon mesye Gross, men pito pou amelyore relasyon ant Wahington ak La Avàn