Accessibility links

Breaking News

Ansyen Gouvènè e Aktè Schwarzenegger ap Separe a Madanm Li


Gouvènè Schwarzenegger ak madanm li
Gouvènè Schwarzenegger ak madanm li

Ansyen gouvènè Kalifòni Arnold Schwarzenegger ak madanm ni, Maria Shriver, anonse y ap separe.

Koup la te marye depi 25 an. Mesye-dam yo fè parèt yon deklarasyon an tèt ansanm byen ta lendi 9 me a kote yo fè konnen yo pran desizyon sa a nan moman yo tou lè 2 ap pase pa kèk gwo tranzisyon nan vi pèsonèl e profesyonèl yo .

Mesye Schwarzenegger te kite pòs gouvènè Eta Kalifòni nan mwa janvye 2011 la aprè li te fin pase 7 tan ap dirije gwo eta ameriken sa a.

Anvan sa, li te gen yon karyè byen long, chaje ak siksè, kòm yon akté fim daksyon nan Hollywood.

Kantapou Maria Sriver, li se yon ansyen jounalis televizyon e se manm fanmi Kennedy a ki gen gwo repitasyon politik; pami gwo pèsonalite nan fanmi sa a ki kite mak yo nan politik amerikèn nan, genyen defen Prezidan John F. Kennedy ak 2 ti frè li, Senatè Robert ak Edward Kennedy ki make anpil istwa resan Lèzetazini.

XS
SM
MD
LG