Vandredi 31 janvye 2020 an se 3èm e dènye jou negosyasyon ant aktè politik yo k ap dewoule nan Nonsyati Apostolik la sou lobedyans kominote entènasyonal la tankou l'ONU ak OEA.
Nan sant diskisyon yo se demisyon ou rediksyon manda Prezidan Jovenel Moise ak fòmasyon yon gouvènman. Selon nouvèl ki filtre nan rankont la, sipòtè ak alye prezidan an vle pou lidè ayisyen an konplete manda l. Yo pwopoze fòmasyon an gouvènman konssansus kòm solisyon ak kriz la. Lòt group la mande demisyon lidè ayisyen an.
Patisipan yo espere jwen yon akò pou rezoud kriz la. Pòt pawòl group opozisyon demokratik la mèt Andre Michel rejte negosyasyon k ap dewoule nan nonsyati a. Pou li menm patisipasyon yo se moun k ap chache djòb e ki pap defann enterè popilasyon an.