Accessibility links

Breaking News

Ann Sonje Michael Jackson Yon Lane Aprè Lanmò L


Ann Sonje Michael Jackson Yon Lane Aprè Lanmò L
Ann Sonje Michael Jackson Yon Lane Aprè Lanmò L

Jodi vandredi 25 jen an fè yon lane jou pou jou depi vedèt mizik pòp ameriken Michael Jackson te mouri. 1an aprè lamò sa a, 50 fanatik andyable peye $1,100 yo chak pou yo te kapab domi bò kote kèk byen Michael te posede e ki ekspoze nan yon batiman trè popilè nan vil Tokyo, nan peyi Japon. Oganizatè yo di yo te resevwa plis pase 10 mil aplikasyon nan men moun ki te vle pase nuit la bò kote swa yon levit, swa yon soulye oubyen yon lòt bagay vedèt la te posede. Aktivite sa a se youn nan plizyè seremoni kap dewoulé tou patou nan lemond pou make premye anivèsè lanmò Michael Jackson. Patisipan ak asistan yo ap jwenn manje, yo ka danse mizik Michael oubyen koute yon koral kap jwe chanson li te konpoze. Pwomotè yo di aktivite sa a prezante sèl ekspozisyon pwopriyete Michael kap dewoule andeyò Lèzetazini.

Nan okazyon premye anivèsè lanmò Michael Jackson, nap envite ou koute opinyon mizisyen Villard Anglade ki nan eta Maryland, tou prè Washington, sou eritaj Michael Jackson kite dèyè. Pwofese Anglade di nan mikro Marie Luce Pierre malgre anpil mizisyen imite defen vedèt la, men li pa kwè pèsonn ka ranplase Michael Jackson.

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute yon entèvyou pwofesè Villard Anglade ak Maureen Pierre.

XS
SM
MD
LG