Accessibility links

Breaking News

Ankèt Sou Revòlt 6 Janye a Vize Pwòch Ex-Prezidan Donald Trump yo


Foto Achiv: Sekrete de Pres Lamezonblanch Kayleigh McEnany ak wo konseye Lamezonblanch Stephen Miller sou gazon Lamezonblanch nan Washington.
Foto Achiv: Sekrete de Pres Lamezonblanch Kayleigh McEnany ak wo konseye Lamezonblanch Stephen Miller sou gazon Lamezonblanch nan Washington.

Anketè la chanm dè Reprezantan Etazuni ap etann ankèt yo sou revolt 6 Janvye a. Yo prèt pou yo devwale dokiman epi koute nouvo temwayaj plis pase 16 responsab ki te travay sere sere ak ansyen Prezidan Donald Trump.

Mary Clare Jalonick, yon jounalis Associated Press ki kouvri Kongre a, deklare panèl 6 Janvye a asiyen 30 moun pou pi piti nan dènye seri aktivite legal li yo. Pami moun li vize yo genyen ansyen konseye Lamezonblanch, anplwaye kanpay re-eleksyon Trump 2020 yo ak kèk ansyen manm kabinè li a.

Asiyasyon sa yo gen ladann dokiman ak temwayaj pwoch konseye Stephen Miller epi sekretè de près administrasyon Trump la, Kayleigh McEnany.

Komite a te asiyen plizyè lot konseye Trump mwa pase a, pami yo ansyen chèf pèsonèl Lamezonblanch Mark Meadows, epi Steve Bannon ki kokot ak figawo ak Trump depi lontan. La Chanm te vote pou akize Bannon de mepri apre li te fè konnen li patapwal okipe yo.

Madi swa, Jij Tribunal Washington D.C. Tanya Chutkan te rejte demann Trump te fè pou'l bloke piblikasyon dokiman Komite la Chanm mande a.

Jij Chutkan deklare Kongrè a ap pwoteje enterè piblik la lè li mande dokiman sa yo ki taka revele enfomasyon enpotan sou yon revolt ak zam ki te debouche sou zak vyolans, ke akolit ansyen prezidan yo te oganize. Li ajoute ke Prezidan Joe Biden gen otorite pou'l wete privilèj egzekutif pou dokiman sa yo malgre sa Trump di.

Si tribunal pa bloke lod la, Achiv Nasyonal gen entansyon remèt dokiman Trump yo bay komite a Vandredi. Men avoka Trump yo fè konnen yo pral ann apèl ak ka a. Savledi ka a pral ateri evantyèlman devan Kou Suprèm nan.

Manm komite a di objektif yap pousuiv ak ankèt la se bay pèp Ameriken an yon kont randu piblik ki revele detay sou revolt 6 Janvye a ak kijan li te komanse. Pi presizeman komite a vle bay verite sou manti Trump te pwopaje pa rapo ak koken ki ta fet nan eleksyon an, malgre ke tou le 50 eta Ameriken yo te sètifye eleksyon an epi tribinal kote li te mennen pwosè yo te rejte demann li yo.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG