Bilan Jounalis vedèt CNN nan Anderson Cooper, fè sou 6 premye mwa apre tranbleman detè ki te devaste peyi Dayiti 12 janvye a ale nan menm sans ak majorite moun nan popilasyon an ki pa kache ensatisfaksyon ak desepsyon yo.
Anderson Cooper, ki se youn pami 22 pèsonalite nasyonal e entènayonal gouvènman ayisyen dekore jounen 12 jiyè a pou anpil bri li te fè nan lemond ak dosye Ayiti a, di Lavwdlamerik, 6 mwa apre katastwòf la, sitiyasyon moun nan kan ebèjeman yo ba l anpil tèt chaje.
“Sa ban m anpil pwoplèm lè m gade 6 mwa apre tranblemandetè a gen plis pase yon milyon ayisyen ki kontinye ap viv anba tant san yo pa konnen ki sa lavni rezève yo nan mwa ak ane kap vini yo,” Cooper di.
Misye Cooper ajoute: moun ki reyaji nan mikwo li fè konnen manke kowòdinasyon ak transparans nan fason responsab yo ap jere asistans ak plan rekonstriksyon an.
Jounalis chèn televizyon amerikèn pa kab la (Cable News Network, CNN) pale ak ansyen prezidan Etazini e anvwaye espesyal Sekretè jeneral Nasyonzini an ann Ayiti, Bill Clinton.
Cooper di anvwaye espesyal Jean-Pierre Leroy misye Clinton pa satisfè ak jan dosye Ayiti a ap mache. Ko-prezidan Komisyon Enterimè Ayiti a deklare gen anpil efò ki rete pou fèt sou plan sa a.
Gouvènman ayisyen an dekore reprezantan 22 enstitisyon nasyonal e entènasyonal ki te jwe yon gwo wòl nan ede pèp ayisyen an apre tranbleman detè 12 janvye a. Pami yo, nou jwenn Lakwa wouj Ayisyen, Lakwa wouj entènasyonal, Brigad Sante Kiben an, Polis Nasyonal la, MINUSTAH, Fonksyon publik la, sektè sante a (prive e piblik) Signal FM, CNN, lidè politik ayisyen, Himler Rébu, Fon Asistans Ekonomik e Sosyal (FAES) majistra Yvon Jérôme, ONG, Ensititisyon Sen-Lwi Gonzag, plis 2 lidè kan ebejeman nan Fò Nasyonal ak nan Channmas.
Reprezantan antite ak òganizasyon sa yo resevwa yon medya ak yon diplòm onè e merit pou gwo sipò yo te bay popilasyon ayisyen an apre tranblemandetè 12 janvye a.