Accessibility links

Breaking News

Ambasadè Kenneth Merten Pale ak VOA sou Dosye TPS pou Ayisyen yo, Sekirite ann Ayiti, ak Kriz Venezuela a


Entèvyou Ambasadè Kenneth Merten Bay Lavwadlamerik nan Mikwo Jacquelin Belizaire
please wait

No media source currently available

0:00 0:04:59 0:00

Entèvyou Ambasadè Kenneth Merten bay Lavwadlamerik nan mikwo Jacquelin Belizaire. 19 jiyè 2017 nan Washington.

Sou-komisyon pou Afè Emisferik Chanm dè Reprezantan an, òganize mèkredi 19 jiyè 2017 la, yon seyans depozisyon sou sa ki rele, “Aplikasyon Lwa sou Angajman Estratekik ant Lèzetazini ak Rejyon Karayib la.” Pami pèsonalite ki te bay temwayaj yo, genyen Sekretè-Deta Adjwen Prensipal, Anbasadè Kenneth Merten, e ki se tou Kowodonatè Espesyal Depatman Deta pou Ayiti.

Apre rankont la ak Sou-Komisyon pou Afè Emisferik la nan Chanm dè Reprezantan an, Anbasadè Kenneth Merten te bay anvwaye espesyal Lavwadlamerik Jacquelin Belizaire yon entèvyou nan Capitol Hill, Washington DC, kote anbasadè a abode dosye Estati Pwoteksyon Tanporè a (TPS) pou plizyè imigran ayisyen kap viv Ozetazini, sekirite nan peyi Dayiti, ak kriz politik kap dewoule o Venezuela a.

Klike sou videyo a ki anlè tèks la pou kapab suiv entèvyou Lavwadlamerik ak Anbasadè Kenneth Merten.

XS
SM
MD
LG