Peyi Brezil ap etidye yon strateji pou li wete twoup militè li genyen Misyon Nasyonzini pou Estabilizasyon Ayiti a (MINUSTAH).
Anbasadè breziliyen an nan Pòtoprens, Igor Kipman, ki reyaji sou yon deklarasyon minis defans brezilyen an, Celso Amorim, te fè nan sans sa a, di Lavwadlamerik Brezil ap anvizaje yon retrè ki ta fèt pwogresivman, e se Konsey Sekirite l’ONU an ki pral pran desizyon final la.
Klike sou flèch ki anlè atik la pou w koute yon entèvyou diplomat Kipman bay Jean Pierre Leroy.