Nimewo 2 nan Oganizasyon Eta Ameriken yo (OEA), Anbasadè Albert Ramdin, prale Ayiti jedi 25 novanm 2010 la, pou montre enterè òganizasyon rejyonal la nan eleksyon ki fikse pou dimanch 28 novanm 2010 la. Misye Ramdin lanse apèl bay kominote entènasyonal la pou mande l manifeste solidarite li ak Ayiti ki "bezwen yon nouvo gouvènman ki eli demokratikman."