Accessibility links

Breaking News

Anbasad Amerikèn Bat Bravo pou Monte Nouvo Gouvènman an ann Ayiti

Nan yon nòt pou laprès anbasad amerikèn nan Pòtoprens fè parèt byen bonè mèkredi 19 oktòb 2011 la, misyon diplomatik la felisite 16 manm nouvo kabinè ministeryèl ayisyen an (fanm kou gason) ki prete sèman madi avèk Doktè Garry Conille kòm Premye Minis

Nan yon nòt pou laprès anbasad amerikèn nan Pòtoprens fè parèt byen bonè mèkredi 19 oktòb 2011 la, misyon diplomatik la felisite 16 manm nouvo kabinè ministeryèl ayisyen an (fanm kou gason) ki prete sèman madi avèk Doktè Garry Conille kòm Premye Minis. Anbasad la eksprime pou nouvo gouvènman-an tout souwè pou li reyisi.

Nòt la kontinye pou l di:

"Minis yo ap fè fas ak kèk gwo defi ki pral mande gwo kowoperasyon pou yo kapab merite konfyans pèp ayisyen an plase nan yo. Lèzetazini espere travay kòm patnè avèk nouvo gouvènman an pou li fè fas ak defi ijan ki makònen ak pwosesis rekonstriksyon an.

Lèzetazini rete angaje pou l apiye pèp ak gouvènman ayisyen an a lon tèm, nan konstriksyon yon avni ki pi estab, pi pwospè e pi demokratik."

XS
SM
MD
LG