Accessibility links

Breaking News

Anbasad Amerikèn Anonse Arive Bato-Lopital “USNS Comfort”


USNS Comfort
USNS Comfort

Anbasad amerikèn ann Ayiti a envite laprès asiste yon seremoni k ap make arive ofisyèl «USNS Comfort », yon bato-lopital kò lamarin Lèzetazini. Arive sa a ap fèt ansanm ak lansman misyon imanitè bato a nan domèn asistans medikal.

Seremoni an pral dewoule vandredi 19 out 2011 la, a 10 zè di maten, lè Ayiti, nan tèminal Varreux a nan Site Solèy. Ofisyèl gouvènman ayisyen ak ameriken ap prezan nan seremoni sa a .

USNS Comfort ap ranpli yon misyon imanitè 5 mwa nan kad egzèsis « Continuing Promise 2011 ». Lamarin Lèzetazini rive jounen jodiya, bato a deja bay swen medikal ak asistans imanitè nan 8 peyi nan Karayib la, nan Amerik Santral ak Amerik di Sid.

Pòtoprens se 9e e dènye etap misyon bato USNS Comfort la. An kolaborasyon ak Ministè Sante Piblik ak Popilasyon peyi Dayiti, USNS Comfort ap ofri swen sante jeneral ak swen dantè pou popilasyon ayisyèn nan.

Pèsonèl USNS la ap ofri tou swen medikal veterinè, kidonk swen medikal pou zannimo. Jounalis ki ta renmen kouvri seremoni an dwe rive sou plas pa pi ta ke 9 vè 30 di maten e yo dwe mache ak kat-de-près yo.

XS
SM
MD
LG