Accessibility links

Breaking News

Analiz Privilèj Tribinal Elektoral la


Konsey Elektoral Pwovizwa aysiyen an ap pare l pou pibliye madi 17 jiyè a lis definitif kandida ki pral gen pou men kanpay pou vinn prezidan.

Jiris Ayisyen, Osner Févry, ap analizye feblès tribinal elektoral KEP a ki gen pou pwononse l sou sò kandida a la prezidans yo.

Mèt Févry ensiste sou sa li rele "feblès tribinal elektoral la" ki pral bay vèdik li e deside kiyès ki ka patisipe (ou pa patisipe) nan eleksyon prezidansyèl yo. Jiris la regrèt, antwòt, le fèt ke tribinal la itilize pafwa kritè sibjektif pou l deside si wi ou non yon kandida satisfè egzijans ki gen rapò avèk rezidans e pwopriyete yon kandida nan peyi a, daprè dispozisyon ki genyen nan Konstitisyon an e nan Lwa Elektoral la.

An plis de sa, Osner Févry lonje dwèt sou yon akro grav moun pa wè nan okenn peyi ki gen sivilizasyon oksidantal: se le fèt ke desizyon tribinal elektoral la final, sètadi kandida konsène yo pa gen oken rekou kont desizyon li yo.

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute yon entèvyou Jean Pierre Leroy.

XS
SM
MD
LG