Accessibility links

Breaking News

Analiz Dr. Francois Pierre-Louis sou Rankont Konsèy Pèman OEA sou Misyon Li Konte Voye ann Ayiti a  


Luis Almagro, Sekretè Jeneral OEA
Luis Almagro, Sekretè Jeneral OEA

Nan rankont konsèy pèman OEA a te fè semèn pase a, yo pat rive antann you sou ki dat yap voye misyon an ann Ayiti. Reprezantan a.i. Etazini nan OEA Brad Freden di se pou OEA voye misyon an ann Ayiti prese-prese. Li ajoute ke Etazini ap bay plis lajan pou voye misyon an byen vit.

Profesè syans politik e Dr. Francois Pierre-Louis ap analize desizyon sa a. Li di desizyon Etazini pran pou l mete presyon pou OEA voye misyon an ann Ayiti prese-pres montre ke liy nan kòmanse bouje.

Li ajoute premye siy ki montre liy nan kòmanse bouje se paske Inyon Ewopeyen avèk Etazini di yo pap finanse referandòm nan.

Epi plizyè manm kongrè a te voye yon lèt bay Depatman deta pou mande Etazini fè chanjman nan politik li ann Ayiti. Gouvènman Ayiti a pap dirije, gang ap fè sa yo vle nan peyi a, e si mounn ann Ayiti yo kontinye mobilize jan yap fe a, e si Diaspora a ap mete presyon lè yo di reprezantan yo nan Kongrè a yo pa renmen jan sitiyasyon an ye ann Ayiti, sa kapab lakoz Etazini ap mete presyon pou OEA voye misyon an ann Ayiti pou chèche fè kèk bagay mache byen vit nan peyi a.

XS
SM
MD
LG