Depi 2 jou deja Prezidan Ayisyen an, Michel Martelly, ap fè nan peyi Lespay yon vizit k ap dire 4 jou.
Youn nan objektif vwayaj lidè ayisyen an se chache konvenk òmdafè espayòl yo an patikilye, ak biznisman ewopeyen yo an jenereal, pou y al envesti lajan yo nan peyi Dayiti.
Jounalis ayisyen Nelio Palanquet, k ap viv nan vil Madrid e k ap reponn kesyon Lyonel Desmarattes, panse Misye Martelly gen plis chans pou l jwenn yon repons pozitif bò kote sektè prive espayòl la ke bò kote gouvènman Premye Minis José Luis Rodriguez Zapatero a.
Klike sou ikon ki anwo e adwat atik la pou w tande entèvyou Lyonel Desmarattes ak jounalis Nelio Palanquet.