Accessibility links

Breaking News

An Frans, 2 Minis Bay Demisyon Yo Poutèt Yo Ta Mele Nan Koripsyon


Biwo prezidan fransè a, Nicolas Sarkozy, demanti nouvèl ki ta fè konprann li te resevwa lajan kach kòm don nan men Liliane Bettencourt, erityè yon konpayi kosmetik ki rele L’Oréal. Madam Bettencourt se dam ki pi rich nan peyi Lafrans. Yon responsab nan gouvènman Sarkozy a deklare: pawòl kap di madam Bettencourt te bay kontribisyon ilegal nan kanpay elektoral prezidan an se yon pawòl ki “totalman fo.”

Nan yon entèvyou yon kontab madam Bettencourt fè ak Mediapart, yon jounal fransè ki sou entènèt la, misye di li te bay aktyèl minis Travay la, Eric Woerth, 200 mil dola kach nan yon anvlòp pou kanpay mesye Sarkozy a an 2007. Nan moman sa a mesye Woerth te trezorye kanpay prezidansyèl. Mesye Woerth demanti ke li te resevwa okenn don ilegal nan non mesye Sarkozy. Nouvèl yo fè konnen 2 minis nan kabinè Sarkozy a bay demisyon yo paske yo ta mele nan zak koripsyon.

XS
SM
MD
LG