Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Ensekirite: Bandi Ame Bloke Tout Aktivite nan Zòn Wout Ayewopò Kapital la


Nan Pòtoprens, lendi 14 jen 2021 an, bandi ak zam antre nan divès antrepriz sou wout ayewopò a ki oblje ranvwaye anplwaye yo byen bonè poutèt yo pa t santi yo an sekirite ase pou yo te fonksyone. Anpil koutzam te chante; popilasyon an te pran gwo panik anvan pou lapolis te vin redrese sitiyasyon an.

An Ayiti, manm gang nan Simon Pele simaye tansyon ak kèsote nan rejyon sa a, yon katye ki tou pre ayewopò entènasyonal kapital la, Pòtoprens, nan jounen dimanch 13 jen 2021 an, sa ki te deranje woutin lavi a sou wout ayewopò a. Menm sitiyason sa a te repete nan kòmansman lendi 14 jen an, dapre korespondan nou Florence Lisené.

Pou 2èm jounen an, bagay yo te pi konplike toujou, paske bandi ak zam te antre nan divès antrepriz ki te ranvwaye anplwaye yo byen bonè poutèt yo pa t santi yo an sekirite ase pou yo te fonksyone. Selon Florence Lisené toujou, “anpil koutzam te chante; popilasyon an te pran gwo panik anvan pou lapolis te vin redrese sitiyasyon an.”

Korespondan nou ajoute:

“Gwo tansyon sa a pa san konsekans: Lekòl lage bonè; tout elèv rantre lakay yo. Tout biznis nan zòn afekte a te oblije fèmen aprè yo te fin voye anplwaye retounen lakay yo. Nan sikonstans la, plizyè madan sara pa t jwenn mwayen pou yo te desann anba lavil; konsa yo te oblije likide divès pwovizyon yo te pote pou vann.”

“Pandan pi fò jounen lendi a, pa t tèlman gen machin nan sikilasyon an tèlman lapèrèz te anvayi popilasyon an; kantapou transpò piblik la, li pa t egziste pratikman. Komisarya polis nan zòn nan te rete fèmen anba kadna apre tantativ nèg ame te fe nan lavèy pou yo te pran kontwòl li.”

Sitiyasyon an prezante konsa nan zòn wout ayewopò a 2 zou 3 jou sèlman aprè lese-frape ki te dewoule ant gang rival ame nan rejyon Matisan, nan soti sid kapital la, te oblije plizyè dizèn moun kite kay yo pou yo al rete nan lòt katye ki ofri sekirite. Degradasyon sekirite a nan divès rejyon alantou vill la fòse kèk lopital swa fèmen pòt yo, swa tansfere yon pati nan sèvis yo nan lòt zòn kote gang ame yo pa tèlman aktif. Pa egzanp, nan fen semèn pase a, Medsen san Fwontye (MSF) te fè parèt yon nòtpoulaprès kote li te lanse apèl pou l mande gwoup ame k ap opere nan Pòtoprens yo kite anbilans yo ak manm pèsonèl medikal yo sikile an tout libète; sinon sa kapab genyen konsekans negatif sou travay òganizasyon sante yo, disponiblite yo ak sèvis y ap ofri piblik la.

XS
SM
MD
LG