Accessibility links

Breaking News

Almay Chanpyon Koup Dimond Feminen U-20 an


Almay tounen premye peyi òganizatè ki ranpòte koup dimond foutbòl feminen U-20 a gras ak yon viktwa 2 a 0 li ranpòte devan Nijerya.

Alman Alexandra Popp ranpòte soulye dò a gras ak 10 gòl li make pandan konpetisyon an. Alman yo ranpòte tout 6 rankont yo. Yo make 20 gòl e yo sèlman ankese 5.

Sa fè 2èm fwa alman yo ranpòte koup dimond feminen U-20 an apre yo te ranpòte l nan Tailand an 2004. Nijerya se premye seleksyon foutbòl feminen afriken ki rive nan final yon koup dimond FIFA ou je zolenpik. Kore di Sid kale Kolonbi 1 a 0 pou l konsole l ak 3èm plas la.

XS
SM
MD
LG