Accessibility links

Breaking News

Sekretè Jeneral l’OEA, Luis Almagro, Rankontre ak Prezidan Jocelerme Privert nan Pòtoprens


Sekretè Jeneral l'OEA a, Luis Almagro.
Sekretè Jeneral l'OEA a, Luis Almagro.

Sekretè Jeneral Oganizasyon Eta Ameriken yo (OEA), Luiz Almagro, ap vizite peyi d Ayiti depi mèkredi 13 avril 2016 la. Tou swit apre Misye Almagro te debake nan ayewopò entènasyonal Pòtoprens la, li te rankontre ap Prezidan Pwovizwa ayisyen an, Jocelerme Privert. Lidè l’OEA a ap kite Ayiti nan jounen jedi 14 avril la.

NOUVEL AYITI POU JEDI 14 AVRIL 2016 LA - VWA: MARIE-LUCE PIERRE & LYONEL DESMARATTES
please wait

No media source currently available

0:00 0:08:01 0:00

Yon delegasyon palmantè fransè te rankontre pi bonè nan semèn nan avèk depite ayisyen yo pou kèk chitapale ki te santre sou fason pou yo ranfòse rapò ant Ayiti ak Lafrans. Depite Mathieu Anthonin, kap dirije delegasyon an, fè konnen palmantè fransè yo abòde ak kòlèg ayisyen yo domèn “diplomasi palmantè a” ak fason li ka apiye e konplete diplomasi klasik la. Depite ayisyen Jerry Tardieu te bay plis detay sou kesyon an pandan li akeyi inisyativ la ak anpil jwa. Vizit la sete yon okazyon tou pou depite ayisyen ak fransè degaje avantaj 2 peyi yo kapab tire nan yon asosyasyon palmantè yo kreye e ki rele “Amitié France-Haiti / Amitye Frans-Ayiti”.

Konsil Jeneral Lèzetazini an ann Ayiti, Robert F. Hannan, te rankontre nan jounen mèkredi 13 avril 2016 la ak korespondan Lavwadlamerik nan Mirebalais, Jean-Christophe Collègue, pou yon entèvvyou kote diplomat la fè konnen pwosesis livrezon viza ameriken an ap byen dewoule nan peyi a. Daprè Misye Hannon, anviwon 150 mil ayisyen gen viza pou yo vizite Lèzetazini e ofisyèl yo nan konsila a byen kontan e menm “fyèr” de chif sa a. Konsila a konseye moun kap aplike pou viza yo pou yo bay bon jan enfòmasyon yon fason pou fasilite travay la. Anfen, Joseph F. Hannon mete aplikan yo an gad kont raketè kap fè konprann yo ka fè moun jwenn viza.

Desizyon nouvo komisè gouvènman Pòtoprens la, Mèt Danton Léger, pran pou l emèt lòd "entèdiksyon depa" kont kèk sitwayen ki ta gen pou reponn kesyon lajistis, kontinye pwovoke deba ak reyaksyon nan peyi a. Mèt Osner Févry, doktè an dwa e avoka militan, pwojte yon ti bren limyè pou oditè Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik yo.

XS
SM
MD
LG