Accessibility links

Breaking News

Antèman Boksè Lejandè Mohamed Ali ap Chante Vandredi 10 Jen 2016 la

Fidèl relijye ak lòt moun ki an dèy pou Mohamed Ali tap pran foto nan moman yo tap mennen sèkèy defen boksè a nan sa ki rele Jenazah, swa yon priyè Islamik pou lè mò nan vil Louisville, Eta Kentucky, nan fen jounen jedi 9 jen 2016 la.

Plizyè milye moun -blan ak nwa, mizilman ak jwif, granmoun ak timoun- te reyini nan sware jedi 9 jen 2016 la nan Oditoryòm Libète a, nan vil Louisville, Eta Kentucky, pou yo te asiste yon seremoni finèb ki dewoule nan yon stil mizilman tradisyonèl pou boksè lejandè Mohamed Ali ki te mouri nan fen jounen vandedi 3 jen pase a. Li te genyen 74 zan. Se nan oditoryom sa a menm Ali te livre premye konba pwofesyonèl li nan ane 1960, yon ti tan aprè li te ranpòte meday dò olenpik la nan vil Wòm ann Itali.

Prezidan peyi Tiki a, Recep Tayyip Erdogan (nan mitan) pandan li tap rive pou l patisipe nan Jenazah, yon priyè islamik pou lè mò nan memwa defen champyon mondyal Mohamed Ali nan Louisville, Eta Kentucky. jedi 9 jen 2016 la.

Nan seremoni finèb ki dewoule jedi swa a, anpil pèsonalite nan mond relijye a rann temwayaj pou di kisa Mohamed Ali te reprezante -e kontinye reprezante- pou sosyete amerikèn nan, pou mond islamik la e pou lemond antye. Madam Roula Allouch se manm konsil pou relasyon amerikano-islamik yo. Men temwayaj li:

“Gras a li menm, nou menm Mizilman, nou gen yon ti kras plis valè e nou kenbe tèt nou yon ti kras pi wo. Li ban nou fyète nan tèt nou; paske li te defann koz nou, li te defann sa nou ye kòm Mizilman ameriken.”

Youn pami lidè relijye e politik ki te bay opinyon yosou lavi ak reyalizasyon Mohamed Ali, se lidè dwa sivik, Pastè Jesse Jackson. Daprè li, sakrifis Ali te fè pou peyi li, Lèzetazini, sèvi pou rann chak ameriken yon pi bon moun. Reveran Jackson deklare:

“Relijyon gen enpòtans pou yon tèlman gwo kantite moun a travè lemond; alòs, rekonèt enpòtans travay Ali reyalize, se rekonèt enpòtans relijyon li a.”

Yon fanatik peyi Filipin poze devan yon postè jeyan Mohamed Ali nan yon ekspozisyon foto ak lòt imaj defen boksè a. Ekspozisyon sa a te kòmanse semèn pase a pou rann omaj pou Ali nan vil Quezon, nan Filipin. (Foto: 10 jen 2016).

Se vandredi 10 jen 2016 la antèman Ali pral chante nan yon sèvis kap ouvè pou piblik la, toujou nan Louisville. Ansyen prezidan ameriken Bill Clinton ak komedyen popilè Billy Crystal --ki konn imite Mohammed Ali trè byen-- se 2 pami pèsonalite ki pral prezante orezon finèb nan okazyon an. Konseye pèsonèl Prezidan Barack Obama, Vallerie Jarrett, pral li yon lèt prezidan an voye bay fanmi an nan sikonstans la; men Misye Obama ap rete Washington pou l asiste seremoni gradyasyon youn nan 2 pitit-fi li yo.

XS
SM
MD
LG