Accessibility links

Breaking News

Alèt Wouj Pou 10 Depatman Peyi Dayiti


Bilten meteo ki parèt sou menas move tan valab pou plizyè rejyon nan Karayib la nan moman tanpèt twopikal Emily ap deplase nan rejyon an kote sant li ka travèse il Ispanyola -kidonk Ayiti ak Repiblik Dominikèn- nan sware mèkredi 3 out 2011 la.

Nouvèl yo pa bon sitou pou Ayiti kote plizyè milye moun toujou ap viv anba tant apre gwo kokenn tranblemanntè ki te frape peyi a an janvye 2010. Yon responsab ayisyen di Ajans Frans Près, otorite yo mande popilasyon an deplase kite zòn ki sou trajektwa dirèk tanpèt la.

Espesyalis meteo yo di Repiblik Dominikèn ak Ayiti kapab resevwa anviwon 15 santimèt lapli; kèk rejyon kapab menm resevwa jiska 25 santimèt.

Lakwa Wouj Ayisyèn fè konnen li deja plase materyèl ak manm pèsonèl divès kote sou tèritwa ayisyen an pou pote sekou, si sa nesesè, bay popilasyon ak rejyon ki ta viktim move tan an.

Prezidant Kwa Wouj Ayisyèn nan, Doktè Michèle Amédé Gédéon, bay Jacquelin Belizaire detay sou dispozisyon entitisyon l ap dirije a pran nan moman Emily pare pou l touche kòt Dayiti.

XS
SM
MD
LG