Accessibility links

Breaking News

Alèt Kont Yon Atak Teworis Ozetazini


Alèt Kont Yon Atak Teworis Ozetazini
Alèt Kont Yon Atak Teworis Ozetazini

Otorite ameriken k ap konbat aktivite teworis ap mennen ankèt sou sa yo konsidere kòm yon menas pou Lézetazini ta sibi yon atak teworis nan moman peyi a ap make 10èm anivèsè atak 11 Septanm 2001 yo. Daprè otorite yo, sous ki bay enfòmasyon sou menas sa a se yon sous ki merite konfyans, menm lè yo pa an mezi pou yo konfime enfòmasyon an.

Otorite nan vil Nouyòk ak Washington DC fè konnen, yo mete plis polis an pozisyon pou fè fsa ak menas la ki ta vize, dapre nouvèl yo, youn nan 2 vil sa yo. Nan sware jedi 8 septanm 2011 la, majistra vil Nouyòk la, Michael Bloomberg, te pale de efò pou asire sekirite nan vil la.

Misye Bloomberg di :

“ Nan moman n ap pale la a, nou pa gen prèv ki ta konfime menas la. Nou vle ensiste sou sa. Se yon nouvèl nou ka fè konfyans ; men nou pa gen prèv sou li. Sepandan n ap viv nan yon mond kote nou dwe pran kalte menas sa yo oserye ; e sètènman nou pran l oserye."

Majistra Bloomberg ankouraje Nouyòkè yo pou yo kontinye viv lavi yo tankou yo fè sa chak jou. Bò kote pa l, majistra Washington nan, Vincent Gray, fè konnen otorite vil la ap pran prekosyon e y ap travay ansanm ak ajans federal yo pou yo konbat menas la. Misye Gray pa t vle bay detay klè. Men li bay moun kao viv nan vil la konsèy pou yo rete vijilan.

Majistra 2 vil yo pale pou di menas yon atak p ap deranje seremoni ki gen pou dewoule dimanch k ap vini an pou make anivèsè atak teworis 11 Septanm 2001 yo. Anfen, otorite yo fè konnen, menm si yo pa gen konfimasyon sou menas la, y ap kontinye mennen ankèt sou li; y ap anvizaje posiblite pou yo ta bay lapolis lokal detay sou sa yo dwe veye epi pibliye enfòmasyon yo genyen sou menas la. Se konsa tou gouvènman federal Lèzetazini an ap etidye posiblite pou l monte nivo alèt kont zak tèworis nan peyi a.

XS
SM
MD
LG