Accessibility links

Breaking News

Prezidan Trump ak Premye Minis Trudeau Dakò ak yon Renegosyasyon ALENA

Minis Afè Etranjè Kanada a, Chrystia Freeland (agoch), Minis Ekonomi Meksik la, Ildefonso Guajardo Villarreal (mitan) ak Reprezantan Komèsyal Lèzetazini an, Robert Lighthizer, ki t ap patisipe nan yon rankont ELENA nan vil Meksiko, o Meksik. (Foto: Lendi 5 mas 2018. AP/Marco Ugarte).

Prezidan Donald Trump swete yon solisyon rapid nan renegosyasyon Akò Lib Echanj Nò-Ameriken an (ALENA, an angle NAFTA) nan yon kout-fil li te bay Premye Minis Kanada a, Justin Trudeau, lendi 14 me a. Biwo M. Trudeau nan Ottawa di 2 lidè yo te abòde posiblite pou yo jwenn yon solisyon san pèdi tan.

Kanada, Lèzetazini ak Meksik ap renegosye akò a ki egziste depi 24 lane. Se administrasyon Trump la ki nan tèt mouvman renegosyasyon an. Prezidan Trump kritike anpil ALENA ke 3 peyi yo te siyen an 1994; daprè li akò a lakoz Lèzetazini pèdi plizyè milyon travay e sa nui ekonomi amerikèn nan.

XS
SM
MD
LG