Accessibility links

Breaking News

Akò ant Etazini ak Kolonbi


Sekretè Deta ameriken an Hillary Rodham Clinton ak Minis afè etranje kolonbyen an Angela Holguin (AP Photo/Evan Vucci)
Sekretè Deta ameriken an Hillary Rodham Clinton ak Minis afè etranje kolonbyen an Angela Holguin (AP Photo/Evan Vucci)

Sekretè Deta Ameriken an Hillary Clinton fè li “absoliman sur” ke Kongrè ameriken an pral ratifye akò mache lib ak Kolonbi---yon akò ki la lontan.

Sekretè Deta Clinton pale konsa nan Washington pandan yon konferans li te bay ansanm ak ministè afè etranjè kolonbyen an Maria Angela Holguin .

2 nasyon yo te siyen akò sa a depi ane 2006 sou gouvènman Prezidan George W. Bush. Akò sa a pa rive pi lwen akoz rezèv kèk palmantè demokrat genyen sendika travayè nan Kolonbi.

Ann avril, Lamezon Blanch di nasyon anden sa a dakò pou l fè plis pou asure dwa travayè yo e pwoteje lidè sendika yo kont vyolans.

Prezidan ameriken an Barack Obama te rankontre ann avril dènye avèk tokay kolonbyen li Juan Manuel Santos kote yo te diskite sou akò komesyal la ki vize ogmante ekspòtasyon Etazini nan Kolonbi pou anviwon yon milyad dola nan yon lane.

Prezidan Obama di akò sa a ap ede dwa travayè yo nan Kolonbi e ranfòse ekonomi an.

XS
SM
MD
LG